|
Kontribisyon Lajan Bay Ajans Sekou Ki Byen Etabli Se Toujou Repons Ki Pi Itil
Nan Katastwof
-
- Kontribisyon finansye pèmèt òganizasyon pwofesyonèl pou sekou yo achte
egzakteman sa viktim katastwòf yo bezwen ki pi ijan epi pou peye transpò ki
nesesè pou distribye pwovizyon sa yo. Kontrèman a don an nati, don lajan
likid pa okazyone depans pou transpò. Anplis de sa, don lajan likid pèmèt yo
achte pwovizyon pou sekou yo nan kote ki pi pre katastwòf la posib.
Yo ka achte pwovizyon, patikilyèman manje, lokalman – men nan ka famin.
Metòd sa a gen avantaj trip pou estimile ekonomi lokal la (bay travay, fè
lajan rantre), sa pèmèt pwovizyon yo rive leplivit posib epi sa redui depans
transpò ak depo. Kontribisyon lajan bay ajans pou sekou ki byen etabli toujou
konsiderableman pi benefik pase don pwodui.
- Konfime Gen Yon Bezwen Pou Tout Atik Y Ap Ranmase Yo
-
- Piga fè ankenn sipozisyon sou bezwen viktim katastwòf yo. Ou ka konfime sa
ki nesesè lè w tcheke avèk yon òganizasyon sekou ki byen etabli epi ki gen
pèsonèl k ap travay sou plas. Piga voye sa yo pa bezwen; bagay yo pa
bezwen ka fè konkirans ak sekou ki gen priyorite pou transpò ak depo.
Òganizasyon ki resevwa don pou sekou an nati ka ede pwosesis sa a lè yo
kominike aklè ki atik ki nesesè (ki gwosè, kalite, eksetera) epi lè yo di
klèman ki atik oswa sèvis ki PA nesesè. Tanpri sonje, gen kèk manje,
patikilyèman nan ka famin, ki ka fè viktim yo malad. Nan pifò ka, don manje
nan bwat konsèv pa apwopriye. Koleksyon dlo nan boutèy pa efikas ditou.
Li enpòtan pou fè yon analiz egzak sou sa ki nesesè anvan pou detèmine kisa
pou fè.
- Pote Bagay Sèlman Nan Òganizasyon Ki
Gen Kapasite Pou Distribye Yo Lokalman
-
- Pou distribye pwovizyon pou sekou li nesesè pou gen pèsonèl ak resous
finansye nan peyi ki afekte a. Pou distribye bagay pou pote sekou, li
nesesè pou gen pèsonèl, depo, kamyon ak ekipman pou kominikasyon. Li
pa sifi pou ranmase pwovizyon epi pou voye yo nan yon zòn ki afekte;
yon kooperasyon ak yon ajans lokal ki serye ki gen mwayen transpò ak
kapasite pou dirije operasyon an se yon bagay ki obligatwa.
- Fe Don Selman Bay Oganizasyon Ki Gen Kapasite Pou Transpote Atik Yo Ranmase
Yo Pou Pote Yo Nan Zon Ki Afekte A
-
- Toutsuit aprè yon katastwòf, anpil òganizasyon lokal pral imedyatman
kòmanse ranmase ti atik pou ede pote sekou nan yon katastwòf. Men, lè
yo kòmanse ranmase bagay sa yo, ofisyèl ajans yo poko pral panse a ki
moun, oswa ki fason, yo pral voye atik sa yo. Li pa etranj pou kominote
ak gwoup sivik ranmase plizyè milye liv pwovizyon pou sekou epi aprè yo
reyalize yo pa konnen pou kilès pou yo voye yo epi yo pa gen mwayen
transpò pou voye pwovizyon yo. Nan pwen sa a, konsèy yo konn bay moun
k ap ranmase pwovizyon yo se pou yo fè yon vant anchè lokalman, konsa
yo ka konvèti pwovizyon sa yo an lajan likid pou ka pote sekou.
- Piga Janm Sipoze Gouvenman Etazini An Oswa Nenpot Lot Ajans Sekou Pral
Transpote Gratis Atik Pou Sekou Yo Pat Solisite
-
- Li enpòtan pou fè aranjman pou transpò anvan ou kòmanse ranmase nenpòt
kalite don materyèl. Piga janm sipoze gouvènman an oswa ajans sekou
pral transpòte don pou ou gratis (oswa menm pou yon frè). Nan pifò ka
yo, ajans k ap ranmase atik yo pral responsab pou peye tarif antrepriz
pou transpò ak depo pou atik ou ranmase yo.
- Opotinite Pou Jwenn Volonte Pou Sekou Nan Katastwof Limite Anpil
-
- Jeneralman yo pa chwazi volontè pou bayo asiyasyon ki pa gen eksperyans
nan pote sekou lè gen katastwòf. Kandida ki gen plis chans pou yo
chwazi yo pale lang nan zòn katastwòf la byen, yo gen eksperyans nan
pote sekou, epi yo gen ekspètiz nan domèn teknik tankou medsin, lojistik
kominikasyon, idwoteknik ak ijyèn. Nan pifò ka, pwofesyonèl sa yo deja
disponib nan peyi a. Pifò ajans yo pral mande omwen dizan eksperyans,
ansanm ak plizyè ane eksperyans nan travay aletranje. Li pa etranj pou
yo mande pou volontè yo fè yon angajman pou yo pase omwen twa mwa ap
travay nan yon katastwòf an patikilye. Yo pa aksepte pifò òf pou “yon
lòt moun” pou kondui kamyon, monte tant, epi bay timoun yo manje.
Sonje yon fwa yon ajans sekou aksepte yon volontè, yo responsab pou
byenèt volontè a – sètadi manje, abri, lasante ak sekirite. Resous yo
mens pandan yon katastwòf, epi yon lòt moun ki gen gen kapasite teknik
ak eksperyans souvan ka yon chaj konsiderab pou yon pwojè sekou ki ankou.
-
Direktiv sa yo soti nan "Managing Resource Coordination for Sudden-Onset
Foreign Disasters: A Case Study Focusing on the United States’ Response to
Hurricane Gilbert/Jamaica" pa David Callahan, VITA, 1989. |